Bonne Fête Papa

Bonne Fête Papa

Father’s Day
I wish there were more songs honoring fathers. I’m realizing that by having a father who was not only present but also played an active role in my well-being, joy and success is a rare phenomenon these days.
Coming from a family in which the majority have fathers in their homes, I’ll admit that I took it for granted. I can only pray that the cycle continues.
Saying ‘Thank You’ isn’t enough to express my gratitude. If I’m somebody today, it’s because we never experienced a day without food, water, electricity, or shelter.
I saw your struggles and that is what motivated me to do well in school. Daddy, you are our protector, provider, and comedian.
As age is creeping up on us all, I want to say to you and all dads, Happy Father’s Day!
Tololo🌹

Fèt Papa

Mwen ta renmen yo ekri plis chante ki onore papa yo. Mwen reyalize ke lè ou gen yon papa ki non sèlman prezan nan la vi ou, men ki jwe yon wòl aktif nan byennèt ou, lajwa ak siksè ou tou, se yon fenomèn ki  ra anpil sè  jou si.  Nan fanmi pa nou, majorite nan nou gen papa lakay nou,  mwen admèt mwen te panse ke tout moun te gen menm privilèj sa a.  M ap priye bondye pou sa toujou rete konsa.

Di w ‘Mèsi’ pa ase pou eksprime rekonesans mwen. Si mwen la jodi a, se paske nou pa pat janm manke anyen, manje, dlo, elektrisite, oswa kote pou n dòmi. Si nou la jodi a se akòz tout sacrifis ou.

Lè mwen t ap grandi, mwen wè jan ou travay di pou nou  e se sa ki te  motive m  pou m byen travay lekòl. Papa, ou se pwotektè nou, ou pran swen nou e ou se yon gwo komedyen tou.

Kòm laj ap monte sou tèt nou tout, mwen vle di ou ansanm ak tout lòt papa, Bòn fèt papa!

Tololo🌹

%d bloggers like this: